Part 24

44 4 0
                                    


📖__________________________________✍🏽

                   Am💘ur interdit

                          #Part24

#Instagram : yavoostories
https://www.instagram.com/yavoostories/

#Facebook : Yavoo Stories
https://m.facebook.com/yavoostories/
_______________________________________

Map di nou eskize'm si'n wè'm pat lage pati sa avan sa, se paske nan jou sa yo mwen pat vrèman gentan, paske'm te nan tounaj ak prodisyon 'm, vin jwenn map ekri lòt projet pou'm reyalize pou lage sou chanèl YouTube lan, deja map diw siw poko abòne ak Yavoo stories al fè sa paske demen nap jwenn swit aparans lan kap gen pou anonse tit feyton ki pral sòti a... 👇Map met lien Chanel la anba nèt lè'n fin li pati sa nap jwenn li.

-Nédjy : I'm the one who came with them, this is my lawyer, this is the folder with the documents that you signed that make me recognize as the new director of the company that you don't have the ability to continue to manage, instead of me you are looking  I'm waiting for your resignation, I'm waiting for you on my desk if you don't agree to bend under my orders (se mwen ki vin avèk yo sa se avoka'm, sa se katab ki gen dokiman ke'w te siyen ki fè rekonèt mwen antan ke nouvèl direktris antrepriz la ke'w pa gen kapasite pou'w kontinye jere, olye de mwen ou kap tann demisyon se mwen kap tann pa'w la sou biro'm siw pa dakò koube anba lòd mwen.)

Yavoo te glase kote'l te kanpe a li pat atann yon kou konsa nan men Nédjy men domaj li patka fè anyen paske se li kite siyen papye yo bay fanm lan, li pat panse jere bagay la an fòs li te vle jere bagay la an zanmi yon bagay ki difisil pou fèt paske Nédjy te konsyant de sa lap fè a.

-Yavoo : ou ka rejwenn mwen nan biro'm Nédjy?

-Nédjy : (sa depan de ki sijè nou pral pale a.)

-Y : (ale swiv mwen.)

Avoka te swiv Nédjy ak Yavoo tou.

-Y : (ou ka di avoka'w la ret deyò paske lontan lè'n te konn ap pale ou pat konn bezwen avoka.)

-N : (men siw konnen ou pral eseye konvenk mwen de bagay entrepriz la map rele avoka'm wi paske se li ki regle sa yo.)

-Y : (wap vini wi ou non? )

-N : (ou mèt tann mwen la si gen pou'm rele'w map rele'w.)

-Avocat : (si sa gen rapò ak antrepriz la konnen se mwen ki dwe pale sa.)

-N : (mwen konnen.)

Nédjy te antre al jwenn Yavoo...rive nan biro a Yavoo te fèmen pòt la.

-N : nou ka pale kounya wi paske de.

-Y : kisa wap fè'm konsa Nédjy, mwen te fè'w konfyans mwen mete'w nan nantrepriz la, mwen ba'w aksè ke menm madanm mwen pat jwenn nan antrepriz la, se konsa'w itilize'l kont mwen ou reyalize kijan'm pral wont devan fanmi an.

-N : mwen pat anvi rive la non Yavoo men ou pa banm lòt chwa, mwen te renmen'w ou pa konprann sa, ou twonpe'm jan'w vle ofinal ou kite'm nan kay la pou kont pou tèt ti bagay san sans ou wè, lè yon fi renmen yon gason li wè gason an pa renmen'l se konsa wap rann fi an mechante.

-Y : siw te renmen'm vre ou pa tap aji konsa ou rannkont konbyen ane fanmi an ap jere antrepriz sa epi pou moun pral aprann ke nou enkapab pou'n jere'l se yon etranje na'l siyen ba'l dwa pou'l jere'l pou nou, se ap yon wont pou fanmi an e se mwen kap responsab.

-N : se pap yon wont bon map byen jere'l epi siw vle wap toujou akote'm nap jere'l, siw pa dakò anba'm tou wap senpleman demisyone.

-Y : ou chanje non antrepriz la ou pa deja wè se tankou'w mete pye sou onè fanmi an?

Amour interdit Où les histoires vivent. Découvrez maintenant