📖__________________________________✍🏽Am💘ur interdit
#Part19
#Instagram : yavoostories
https://www.instagram.com/yavoostories/#Facebook : Yavoo Stories
https://m.facebook.com/yavoostories/
_______________________________________Like avan'w li toujou sonje sa, lè'w fin li kite yon ti kòmantè, swa yo ti mèsi, oubyen di kijan'w konprann pati sa, pataje'l, tag yon zanmi'w fè'l vin li avè'w.
Lovely te santi yon bri fèt pandan'l kouche sou kabann lan li te leve chita, nan fè nwa li te wè yon moun kanpe devan kabann lan ak zam pwente sou li, 💡wouppp limyè te limen Lovely te ka wè figi moun lan.
-L : 😲Yavoo.
-C :😒....
Clyde te trouve sa biza paske Lovely rele'l Yavoo, men kòm nan jan de vi sa sa'w vin rele a se li pou'w konnen, sa pat anpeche'l ap peze gachèt pou'l tiye Lovely pròp manman'l.
-.....: depoze zam ou an.
Avan Clyde te tire anndan te anvayi ak 4 nèg gagoule yo rale zam sou li pou fè'l desann zam li, menm Lovely te sezi sa kap fèt la li wè'l leve nan dòmi pandan'l sou kabann li anndan te anvayi ak pil nèg ak zam.
-L : mezanmi nou mèt pran sa nou vle la men pa fè'm mal.
Youn nan nèg kagoule kite di Clyde desann zam li an te reponn.
-Hoe : ou pa bezwen pè madam nou pa vin la pou fè'w mal okontrè nou vin proteje'w de misye kite vin tiye'w.
Li te avanse li pran zam lan nan men Clyde, youn nan lòt nèg yo te pran zam pa Rebelle la tou,epi yo fè yo ajenou ak zam pwente sou yo, se lè sa Clyde te rann kont sak fè'l te mefye'l de kou a konsa panse'l te bon, li tap vin rankontre ak danje la men sak etone'l nan sa se paske nèg yo te konnen lap vini pandan men'm moun li vin tiye a pa konn si nèg sa yo te nan kay la.
-Hoe : nap kite demwazèl la ale men ou menm nap tiye'w la, paske se ou kite sou pwen pou tiye dam lan.
Misye te brake zam li epi'l te lonje'l nan fon Clyde pou'l tire'l.
-L : 😢nonnnn pa fè sa mezanmi.
-Hoe : pa fè kisa?
-L : pa tiye'l.
-Hoe : li tap tiye'w wi si'n pat gentan vini epi wap mande padon pou li, kite'n tiye'l non.
-L : non mwen di, li son jèn kite ka pitit mwen sa depan de laj li, se paske'l pa jwenn bon moun kap bal konsèy kifè'l chwazi vi sa, moun ki met zam nan men'l lan pi mal e si tou se li ki deside pran zam pou tèt pa'l mwen panse lap evite fè sa ankò aprè'l fin wè kijan'm epanye'l.
-Hoe : non fok mwen tiye'l se misyon'm sa.
Men'l te sou gachèt la pou'l peze, dlo te kouri nan zye Lovely pa fòs pou'l di non, pafwa nan lavi kè sansib ou konn fè'w epanye sèkèy pou moun pa'w san ke'w pa konnen mwen panse nap tire leson de sa, pa rann mal pou mal chak moun merite padone chak moun merite yon dezyèm chans, ou pa janm konnen nan ofri moun sa yon chans sa ka rive se pròp tèt ou ke'w ofri chans sa, ebyen nan ka Lovely a li pat sèlman ofri Clyde yon dènye chans men li te ofri tèt li yon dènye chans san'l pa konnen, dènye chans lan se rejwenn pitit sa yon lè ke'l te pèdi nan lopital la.
-L : 😭non svp pa tiye'l, si reyèlman ou pa vini pou fè'm mal vre, de tout fason jiska prezan ou pa prouve'm si nou menm ki kagoule a pa antre la pou'n fè pi mal.

VOUS LISEZ
Amour interdit
Romance''Amour interdit'' se yon istwa kreyòl ki pral montre'w konplisite de moun ki renmen pou fè bagay ki ilegal, pi gwo konplis yon nèg se fanm ki nan vi'l la benh wi se sa, ebyen nou pral dekouvri nan istwa sa ke li posib pou yon jèn fi ki sot nan yon...